An n al Lazil // Let’s go to Lazil

Comments Off on An n al Lazil // Let’s go to Lazil Issue 6, Poetry, Translation, Trending, Writing

By Fred Edson Lafortune, Translated by Jean Dany Joachim and Jonathan Bennett Bonilla

tout batan pòt fèmen sou douvanjou
 depi lè w pati
 yon gwo pwela pandje sou fenèt mwen
 isit pa gen solèy
 pa gen bonjou
 isit pa gen lanmou
 pa gen je dou
 chak fwa lannuit pwente
 mwen panse avè w
 tout bagay te fini yon lè konsa
 lè lavi pase trepase tankou rad mal pase

 tout batan pòt fèmen sou lorizon
 m’ap viv ak pwòp tèt mwen
 mwen menm avè w tankou de imaj
 de potovi
 de zonbi k’ap chache wout sèl nan absans ou
 chak fwa lannuit tonbe
 rèv mwen plane sou zèl chòdchòd
 k’ap chache wout tèt anba 1

nan douvanjou san lorizon
 tout batan pòt fèmen fennen kou fèy zanmann
 mwen ak doub mwen se de majigridi
 de marasa
 de demeplè nan sann lekzistans
 tout bagay te fini yon jou kou jodia
 lè yon lòt tan te kòmanse


 mwen ak doub mwen
 s’on ti zile
 se rès yon kontinan k’ap gagari lanmè

 mwen panse avè w lè bajou pral kase
 se lè sa a li fè pi nwa sou popyè m
 w’a di absans ou s’on ze fele
 yon vennkatrè ki vole avan l fè klè

 isit pa gen djondjon
 pa gen chanmchanm
 isit pa gen bwapen
 pa gen sakpay
 tout batan pòt s’on tren ki pa kanpe
 yon bil ki pa peye
 tankou tout fanm gwòs gen pèdans
 lè lavi ap pran fre lanmò 2

lakay pa janm kite m
 lakay anba zòrye m
 lakay s’on gwo lakou ak grenadin
 lorye woz ak monbenbata
 chadèk ak lyannpanye

 lakay s’on ti sous dlo
 yon chèz dodin
 yon branch mango pou randevou lanmou
 lakay pa janm kite m
 se la mwen ak doub mwen soti
 se la mwen ak doub mwen rete

 tout batan pòt fèmen sou lorizon
 depi lè w pati
 yon rido blan pandje sou plafon kè m
 lari a frèt kou lanmò
 yon papiyon gri poze
 nouvèl yo pase tankou fè chabon

 tout limyè tenyen
 chak nòt mizik s’on silans
 yon powèm mal ekri 3

isit pa gen priyè
 pa gen tanbou
 chak fwa lannuit pwente
 mwen panse avè w
 mwen anvi wè w kote m
 bò kote m
 pou kenbe m fò
 gade m nan je
 san w pa ban m manti

 m’anvi w zanmi m
 manj’on ne kann a de
 m’anvi w ponyen m
 m’anvi mennen w lakay
 kou kolibri sou flè choublak
 kou ti kannòt majigridi
 k’ap degrennen chaplè lanmè

 an n al lazil cheri
 an n al gade plezi lavi
 an n al gade kantite rèv k’ap mi sou pye


 arebò galèt rivyè sèpan
 n’a jouke lavi bò granchimen
 n’a gade lavi nan je
 nou pap pale
 nou pap di anyen
 nou pap fè tèktègèdèk 4

an n al lazil cheri
 n’a monte mòn oko
 n’a kase fèy kouvri malè
 n’a tire lobe
 n’a wouke zanj nan dlo
 n’a trase vèvè
 n’a danse marinèt
 n’a vole lougawou
 n’a mare lapli nan pwent
 jipon pou nou ka pran lannuit daso

 an n al lazil cheri
 posesyon zetwal pral kòmanse
 kay grann milo se repozwa

 an n al avè m tanpri
 n’a woule sèso
 n’a bwè kokoye ole
 n’a kouri byen lwen
 tankou timoun fwonte
 chèche lanmou nan fetay kay

 n’a voye pikwa
 n’a bite tè
 konsa konsa na bwote dlo
 pou nou wouze biskèt solèy 5

an n ale vit tanpri
 n’a tire kont
 n’a jwe marèl ak flè dizè
 pou n kabre lajounen
 n’a fè lago
 ak mouche loray
 n’a lanbe rèv
 n’a peze kafe

 n’a plante pwadchous
 n’a dòmi reve je klè
 nou prale byen lwen
 dèyè yon touf powèm rak bwa
 tankou de moun fou
 pou n voye wòch
 kase tèt lanmou

 an n al lazil cheri
 lazil se peyi manman m
 se la timoun yo twoke rèv yo
 ak douvanjou
 pou yo ka pran lalin nan pyèj

 se la depi nan tan benbo
 bayawonn pouse bò granchimen
 pou resevwa larèn chantrèl 6

lazil se peyi solèy
 se la mwen sere souvni danfans mwen
 se la mwen sere sekrè foli m
 men…
 dèyè do lanmè
 yon kannòt chavire

 tankou yon boul kristal
 kò w boulonnen nan lespri m
 jipon w se vwèl
 ki kouvri machwè lanjelis
 bouch ou se govi ki kenbe chay plezi m

 bote w kaselezo
 nan kràn tèt mwen
 lonbray mwen
 ak lonbray ou
 blayi toutouni
 sou tèt mòn rafayèl

 mwen anvi konnen
 pouki m renmen w
 pouki lalin se kòd lonbrit lannuit
 mwen anvi konnen
 kote w rete
 lè vwa w pati anndan zantray lanmè 7

rèv mwen dekoupe an myèt mòso
 tankou zenglen zetwal
 van ap pote ale
 rèv ou ak rèv mwen
 se kòkòt ak figawo
 se maji kout fwèt kach
 k’ap mennen bèf lòtbò letan

 an n al lazil cheri
 lè chante ki pote koulè lanmou
 pòtre kwi nan mitan kalfou
 lè kout tanbou ki mare rèv
 vlope somèy nou gran jounen

 an n al lazil
 lè chante ki pote koulè lanmou
 soutni chak batman kè
 k’ap mouye anba lapli
 lè pawòl ki pote plezi lang nou
 trennen twa pwen sispansyon
 nan kaye memwa n 8
all doors shut on daybreak
 when you left
 a large tarpaulin hung over my window
 here there is no sun
 no greetings
 here there is no love
 no giving of the eye
 each time night arrives
 i think of you
 everything was over on a day like this
 when life expired like poorly pressed clothes

 all doors shut on the horizon
 i live with myself
 i and i like two images
 two sleepwalkers
 two zombies looking for salt in your absence
 each time night falls
 my dreams fly like bats
 finding their way upside down

at dawn without horizon
 all doors shut like wilted almond leaves
 me and my double
 two scribbles
 twins
 troublemakers in the ash of existence
 everything ended on a day like this
 when another time began

 me and my double
 are a small island
 rest of a continent gargles the sea

 i think of you at daybreak
 time when it’s darkest on my eyelids
 as if your absence were a cracked egg
 twenty-four hours that fly before next day

 here there is no djondjon
 no chanmchanm
 here no pine kindling
 no straw bags
 all doors are a train that does not stop
 an unpaid debt
 as if all pregnant women miscarry
 when life inhales the scent of death

home never leaves me
 home under my pillow
 home a vast yard with grenadine
 pink laurels and monbenbata
 grapefruit and lyannpanye

 home a small fountain
 a rocking chair
 mango branch for love’s rendezvous
 home never leaves me
 i and my double are from there
 there i and my double live

 all doors shut on the horizon
 when you left
 white tarpaulin draped over my heart’s surface
 street cold as death
 a gray butterfly appears
 news of this broke in an instant

 all the lights are off
 every musical note a silence
 a poem poorly written

here there is no praying
 no drumming
 each time night comes
 i think of you
 i wish to see you beside me
 next to me
 holding me tight
 looking in my eyes
 telling me no lies

 i want you to be my friend
 eat a knot of sugarcane with you
 i want you to hold me tight
 to take you home
 like hummingbirds on hibiscus
 like insignificant vessels
 taking over the sea

 let’s go to Lazil darling
 let’s go enjoy life’s pleasures
 see a great many dreams
 ripening on the banks of the Sèpan river

 we’ll mount life alongside the main road
 we’ll look it in the eye
 we won’t talk
 we won’t speak a word
 we won’t do a thing


let’s go to lazil darling
 we’ll climb Mount Oko
 pretend all is well
 we’ll make river water sing
 spray water-angels
 draw vèvè
 we’ll dance the marinèt
 shapeshift into werewolves
 hold back rain at the slip-edge
 to sneak up on the night

 let’s go to Lazil darling
 the parade of stars will soon begin
 Gramma Milo’s house is a sanctuary

 please come with me
 we’ll roll the hoop
 drink coconut water
 we’ll run very far
 like daring children do
 seeking love in the attics of houses

 we’ll use the pickaxe
 to turn the soil
 we’ll carry water
 to shower the bare chest of the sun

please let’s go quickly
 we’ll tell riddles
 play hopscotch with flè dizè
 to evade the day
 we’ll play tag
 with thunderstorms
 we’ll nurse dreams
 and weigh coffee

 we’ll plant lima beans
 daydream
 we’ll go far away
 behind a bush of poems
 like two fools
 throwing stones
 to shatter love’s crown

 let’s go to lazil darling
 lazil my mother’s home city
 where children trade dreams
 with dawn
 to trap the moon

 since the beginning of time
 mesquite trees grow along the roadside there
 to welcome the queen

Lazil city of the sun
 there i keep my childhood memories
 there i conceal the secret of my folly
 meanwhile…
 on the other side of the sea
 a canoe capsizes there

 your body is rooted in my spirit
 like a crystal ball
 your petticoat the veil
 that covers the jaws of night
 your mouth a govi that holds my pleasure

 your beauty fractures
 the bones of my skull
 my shadow
 with your shadow
 outstretched naked
 on the peak of Raphael Hill

 i want to know
 why do i love you
 why is the moon the night's umbilical cord
 i want to know
 where is your home
 when your voice is lost in the guts of the sea

my dreams are shattered into tiny pieces
 like stardust
 that the wind blows away
 your dreams and mine
 are inseparable
 the magic of whips
 herding cattle on the other side of the pond

 when songs the color of love
 resemble gourd bowls placed at the crossroads
 when drumbeats which bind dreams
 encircle our sleep in the middle of the day
 let’s go to Lazil darling

 when songs the color of love
 sustain each heartbeat
 getting soaked in the rain
 when words the pleasure of our tongue
 drag three suspension points
 through memory’s notebook
 let’s go to Lazil

Comments are closed.